Zòn Konsesyon OCS-A 0568
Zòn Konsesyon OCS-A 0568 la sitiye nan Zòn Devlopman Enèji Van Gòlf Maine nan (Wind Energy Area – WEA). Zòn konsesyon sa a kouvri yon sifas 124897 kawo tè (acres) epi li sitiye apeprè 35 mil (29,5 mil naval) nan bò lès Cape Cod, Massachusetts.
Nan mwa Oktòb 2024, Avangrid te resevwa dwa pou devlope zòn konsesyon OCS-A 0564 ak OCS-A 0568 apre vann piblik Bureau of Ocean Energy Management (BOEM) te òganize pou devlopman pwojè enèji van an lanmè nan Gòlf Maine.
Avangrid pral devlope zòn konsesyon sa yo, ki gen kapasite pou pwodui jiska 3 gigawat (GW) elektrisite, pou ede satisfè bezwen enèji rejyon Nouvo Angletè (New England) la.

